Rechèch

Tout rechèch mwen gen yon aspè aksyon; mwen te konn pote solidarite avèk plizye gwoup ak mouvman ann Ayiti depi kòmansman. Mwen te koumanse travay ann Ayiti depi 2001. Mwen te koumanse afilye avèk Fakilte Etnoloji depi 2003, epi fè premye kou m nan 2004. Depi 2008 mwen te koumanse fè rechèch avèk kèk etidyan nan FE. Ofiramezi mwen te kontinye, epi kolabore avèk enstitisyon sa a pou 3 sibvansyon Fondasyon Nasyonal Lasyans. Pwoje kouran sa ki te koumanse nan 2015 a se yon etid 5 lane sou enpak alontèm èd ONG nan 8 lokalite nan Gran Sid peyi a.

Fòmasyon Metodoloji

Mwen konn fè seminè nan Fakilte Etnoloji de tanzantan. Youn nan seminè mwen konn fè se metodoloji. Mwen te ekri yon tèks pou sa a. Ekip Rechèch nan UEH te pran li pou korije li. Yon espesyalis, yon Akademisyen, Nirvah Jean-Jacques, te fè denye pwòpte.

Klike la pou vèsyon PDF.

Fòmasyon etik

Youn nan egzijans gouvènman Etazini se pou pwoteje moun ki nan rechèch. Se pa ti iwoni, se pa ti enperyalis, pou yo mande pou gen yon fòmasyon pou Ayisyen/Ayisyèn yo kapab pwoteje Ayisyen/Ayisyèn yo. Antouka, li ka sèvi yon wòl kanmenm. Klike la pou yon vèsyon PDF ou ka telechaje, oubyen isit pou yon vèsyon HTML sou yon lòt paj.

Revi Etnoloji

Kòlèg mwen ap travay sou yon rèvi, ki gen yon komite syantifik epi yon jiri, pou gaye rezilta rechèch kap fèt nan Fakilte Etnoloji. Li pral disponib isit, “lib aksè” epi gratis.

Kòlòk

Nap òganize yon seri kòlòk ki lye avèk tèm jistis sosyal, enpak èd ak ONG, imanite swa devlopman, ak jan ekonomi ak politik mondyal makonnen tout.

Nou te fè yon aktivite pou komemore 100 lane Okipasyon Etazini nan jiye 2015.

Nou te fè yon lansman liv Humanitarian Aftershocks in Haiti.

Nap òganize yon tab wonn nan Karade pou make anivèsè 12 janvye. Klike la pou yon deskripsyon.

Talè!

Siklòn Matyè 

Akòz Siklòn Matyè ki te frape GranSid la, ekip rechèch la te retounen pou fè yon lòt rechèch, epi ekri yon seri rapò.  Ekip ki te etidye Grandans ak Sid te retounen 2 fwa apre siklòn nan, nan Oktòb epi nan Desanm. Dezyèm vizit la te yon lòt ti ankèt swivi. Men yon seri rapò:

Nap gen yon diskisyon sou rechèch sa a lendi 24 jiye 2017.

Revi Chantiers sou ONG

Kèk kòlèg te mete tèt nou ansanm pou fè yon seri analiz sou ONG nan revi Chantiers, piblikasyon akademik syans moun anndan UEH. Nap lanse l lendi 22 jiye 2019 nan lokal DEP.

Enpòtans ONG yo ogmante nan ti peyi yo sitou nan moman kriz. Nan ka Ayiti, depi 12 janvye 2010, yo ap jwe yon wòl santral. Jan nou tout konnen, dat sa a make yon etap enpòtan nan enplantasyon ONG pou koze imanitè nan peyi a. Ayiti menm vin rebatize Repiblik ONG. Feblès enstitisyon yo ak tout lòt fòm mank yo fè yo vin pran plis jarèt. Gen moun ki panse peyi a ap vin rele yo chè mèt, chè mètrès.

12 janvye te montre aklè nesesite pou nou pi byen konprann, kowòdone, epi mete kontwòl sou enstitisyon prive sa yo ki antre, soti jan yo vle, epi fè sa yo vle. Kad legal 1989 la vize ONG ki swadizan ap travay nan zafè devlopman tandiske pifò aksyon enstitisyon sa yo poze konsène èd imanitè. Sa montre nesesite pounou repanse kad legal la, ki te youn nan pi gwo anje pou yon « Premyè Fowòm Nasyonal sou ONG » ke UCAONG te òganize an Oktòb 2013.

Ki kad oubyen ki tèz ki ka plis esplike sitiyasyon jounen jodi a ? Èske modèl sa yo itil pou konprann sitiyasyon aktyèl la ? Ki modifikasyon nan gran liy teyorik sa yo ki ap nesesè pou nou byen sezi reyalite ki poze jounen jodi a ? Oubyen èske nou ta dwe derape avèk yon nouvo seri konsepsyon ONG yo ?
Nimewo Chantiers sa a drese tout pwoblematik sa yo, avèk entèvansyon istorik, sosyolojik, antwopolojik, filozofik, temwayaj, ak kritik-dyalektik. Otè ki kontribye reprezante sektè inivèsite, militan, mouvman sosyal yo, ak ONG.

Men otè ak tit prezantasyon yo:

Kijan pou nou konprann prezans ak wòl ONG yo an Ayiti ?

Colette LESPINASSE

Haïti, catastrophes meurtrières et construction de la société civile :

Place et rôle des ONG internationales ?

Alfred PIERRE, Khalil CAMBRON et Osée OLIBRI

ONG, développement et sous-développement :

repères théoriques et critiques

Lucien MAUREPAS

Truman et l’ère du développement

Josué VAVAL

Classe-ONG et distance sociale

Ilionor LOUIS

La sous-traitance non-gouvernementale :

nouveau paradigme de l’aide internationale ?

Djems OLIVIER

L’action humanitaire et l’action sociale entre un jeu vicié

et vicieux d’émancipation et de mancipation

Odonel PIERRE-LOUIS

ONG ak lafwa an Ayiti : 2 etid ka nan Jakmèl aprè 12 janvye 2010

Andrea STEINKE

Lojik èd : pwojè ak odit an Ayiti

Scott FREEMAN

Manèv nan domèn politik la :

Sipòte lit la atravè finasman chanjman sosyal

Julia SCHÖNEBERG

Fè ONG : yon nouvo gramè ONG

Mark SCHULLER