SEMINÈ SOU ETIK NAN RECHÈCH
Tradwi pa James
Barthelemy Roudy JULOT
Yon
seleksyon nan plizye kou nan sit web CITI, www.citiprogram.org
ELEMAN:
1. ISTWA SOU ZAFE REGLEMAN ETIK YO
2. RAPÒ BÈLMON
3. PWOSESIS KONSANTMAN RECHÈCH LA
4. ENTIMITE/KONFIDANSYALITE LAN
5. RIS/BENEFIS
6. ENTIMITE AK METÒD RECHÈCH YO
7. KONFLI ENTERÈ
1.
ISTWA SOU ZAFE REGLEMAN ETIK YO
Jackie Galvez; Susan
L. Rose, Ph.D.; Jennifer Hagemann; Monica Aburto – University of Southern California
Istwa sou zafè regleman
etik yo sou zafè moun antanke sijè rechèch te pran nesans nan lanne 1940 yo
avèk prensip Nuremberg lan. Depi lè sa a, gouvènman federal ameriken an te ogmante
konesans li sou sitiyasyon an pou pwoteje dwa ak byennèt moun yo antanke sijè
lè li te tabli prensip regilatè yo ak regleman yo. Pati sa a gen pou devwa
founi yon kout sitiyasyon sou istwa regleman etik yo lè moun yo antanke sijè
angaje nan pwojè rechèch yo.
Kisa
Prensip Nuremberg lan ye?
Prensip Nuremberg lan te
devlope apre tribinal militè Nuremberg lan te fin jije esperyans imen ke Nazi
yo te reyalize. Prensip lan anglobe yon latriye nan prensip fondamantal ki
dirije konpòtman etik nan zafè moun antanke sijè rechèch jounen jodi a. Prensip
Nuremberg lan deklare ke “konsantman volontè nan sa ki gen pou wè ak moun
antanke sijè gen yon gwo enpòtans kapital” e li ale pi lwen pou esplike detay
yo ke egzijans sa a esprime endirèkteman: kapasite pou bay baryè lib, libète ak
tout menas, okenn pinisyon pou yon detachman sosyal, ak kapasite pou konprann
ris yo e ak konplikasyon benefis yo.
Kisa
Deklarasyon Helsinki an ye?
Nan lanne 1964,
Asosiyasyon Medikal Monn nan te tabli rekòmandasyon yo ki te dirije doktè yo
nan zafè rechèch biyomedikal ki gen ladann tou moun yo antanke sijè.
Deklarasyon an gen devwa pou dirije rechèch etik entènasyonal yo ak defini
prensip pou “rechèch ki fè yon sèl ak swen klinik” ansanm ak “rechèch
nonterapetik yo.” Yo te revize deklarasyon Helsinki an nan lanne 1975, 1983,
1989, ak 1996 e ki fè pati tou bon fondman pou pratik klinik yo k ap itilize
jounen jodi a.
Pwoblèm yo ki te pwen
santral nan deklarasyon Helsinki a gen ladann:
· Rechèch
ki fèt sou moun yo dwe chita sou rezilta yo ki soti nan laboratwa ak sou yon esperyans
animal
· Pwotokòl
rechèch yo dwe revize pa yon komite endepandan anvan inisyasyon li
· Kapasite
ak konsyans patisipan rechèch yo pou konprann ris ak benefis yo enpòtan
· Rechèch
la dwe dirije pa moun ki kalifye syantifikman/ medikalman
· Ris
yo pa dwe depase benefis yo
Kisa
Politik Federal Pwoteksyon moun yo antanke sijè an ye?
(Prensip Komen)
Nan lanne 1981,
depatman sante ak sèvis moun, te aranje nan yon fason sistematik yon politik
pou pwoteje moun yo antanke sijè (45CFR 46). Yo rele seksyon A ki fè pati regleman
sa yo tou “Prensip Komen,” ki fè yon bon preparasyon pou baz fondasyon Konsèy
revizyon enstitisyonèl yo. Politik federal sa a te aranje non yon fason
sistematik pa ajans federal yo ki dirije, sipòte, oubyen kontwole moun yo
antanke sijè rechèch, ki bay tit sila ki se “Prensip Komen” antanke konsekans.
Lòt pati adisyonèl ki fè pati 45 CFR 46 lan bay pwoteksyon ak popilasyon
vilnerab yo tankou fanm ansent, fetis yo, ak nouvo ne yo (Seksyon B), prizonye
yo (Seksyon C), ak timoun yo (Seksyon D) ki fè pati moun yo antanke sijè
rechèch. Anpil ajans federal ak depatman pa t adopte seksyon yo ki se B, C, ak
D. Kidonk yo rekonèt sèl seksyon A antanke “Prensip Komen” an.
2. RAPÒ BÈLMON
Kisa
Rapò Bèlmon an ye?
Nan lanne 1978,
komisyon nasyonal pwoteksyon moun yo antanke sijè sou zafè rechèch biyomedikal
ak syans sosyal ak konpòtman yo (sosyoloji, sikoloji, syans politik,
antwopoloji, kèk nan branch listwa ak jeyografi, e latriye) te kreye Rapò Bèlmon an, (the
Belmont Report, ann angle): Prensip Etik ak politik jeneral pou Pwoteksyon moun antanke Sijè
Rechèch. Rapò Bèlmon an dekri nan yon fason òganize prensip etik
fondamantal yo ke yo egzije pou fè rechèch ki gen rapò ak moun yo antanke sijè.
Rapò Bèlmon an anglobe twa
prensip kle: respè pou moun (otonomi),
lacharite, ak lajistis.
Respè pou Moun
“Respè pou moun konstitiye omwen de opinyon etik: premye an, sè ke yo dwe
trete moun yo antanke ajan otonòm, e dezyèm nan, sè ke moun ki pa gen anpil otonomi
yo dwe jwenn pwoteksyon. Kòm yon konsekans prensip respè pou moun nan divize an
de egzijans moral separe: egzijans pou rekonèt otonomi ak egzijans pou pwoteje
sila yo ki pa gen anpil otonomi.” Sa vle di ke moun nan dwe kapab pran yon bon
desizyon konsyans sou kesyon èske li ap patisipe nan pwojè rechèch moun yo
antanke sijè ou pa.
Lacharite
“Yo dwe trete moun yo nan yon fason etik ki se pa sèlman respekte desizyon
yo ak pwoteje yo kont domaj, men tou nan fè efò pou bay sekirite ak byennèt yo.”
Tip tretman nou apenn mansyone a fè pati prensip lacharite a. Yo souvan
konprann tèm “lacharite” a antan yon pwoteksyon pou zak jantiyès oswa lacharite
ki depase obligasyon ki egzije yo obeyi prensip yo. Nan dokiman sila, nou
konprann lacharite a nan yon sans ki pi fò, antan yon obligasyon. Yo te kreye
de prensip jeneral nan yon fason metodik antanke espresyon ki konplete aksyon
lacharite yo nan sans sa a:
1. Pa
lakòz domaj ak
2.
Ogmante
chans benefis yo e ak diminye chans pou gen domaj.
Lajistis
“Ki moun ki dwe jwenn
benefis yo nan rechèch la ak andire fado li yo? Sa a se yon kesyon jistis, nan
sans yon “distribisyon san diskriminasyon” oubyen “sa ki merite”. Yon enjistis
rive fèt lè yo refize kèk benefis ak moun li revyen de dwa san okenn rezon valab
oubyen lè yo enpoze kèk fado nan yon degre estrèm. Yon lòt fason nou ka
konsidere prensip jistis lan sè ke yo dwe trete moun yo nan yon fason egal ego.
Sepandan, deklarasyon sa a egzije yon esplikasyon. Kiyès ki egal ak kiyès ki pa
egal? Ki opinyon ki jistifye chanjman nan distribisyon egal la? Prèske tout
kòmantatè yo admèt ke diferans yo chita sou esperyans, laj, povrete, konpetans,
merit, ak wòl ou okipe ki pafwa konstitiye kritè pou jistifye diferans ki gen
nan tretman pou kèk rezon valab. Li enpòtan, pandan tan sa a, pou esplike nan
ki aspè yo dwe trete moun yo yon fason egal ego. Gen yon bann ak yon pakèt
metòd akseptab ki devlope nan fason pou yo fè distribisyon fado ak benefis yo.
Chak metòd yo pale an gwo sou kèk pwopriyete ki gen rapò ak diskisyon an sou
yon baz fondamantal nan fason fado ak benefis yo dwe distribiye. Metòd sila yo
ki te devlope yo se:
1.
Yon pòsyon egal pou chak moun.
2. Selon bezwen chak grenn moun.
3. Selon efò chak grenn moun.
4.
Selon kontribisyon chak grenn moun nan
sosyete a.
5.
Ak selon merit chak grenn moun.
Etidyan
yo antanke chèchè
Lè yo patisipe oubyen
dirije rechèch moun yo antanke sijè, etidyan ki se envestigatè yo ak sila yo ki
se asistan rechèch yo dwe kwè ak swiv alalèt règ ak prensip jeneral yo ki dekri
nan regleman ak politik enstitisyonèl yo ansanm ak pwosedi federal peyi
Etazini.
3.
PWOSESIS
KONSANTMAN RECHÈCH LA
Lorna Hicks, MS, CIP –
Duke University
Pwosesis konsantman
rechèch la se yon pwosesis pou enfòme sijè potansyèl yo konsènan egzistans kle
yo nan yon etid rechèch ak kisa patisipasyon yo genyen an ap gen ladann. Moun
yo ki se sijè etid la dwe patisipe avèk pwòp volonte yo, touswit apre yo fin
byen enfòme yo konsènan rechèch la. Si sijè yo soti nan yon popilasyon
vilnerab, tankou prizonye yo oubyen timoun yo, yo dwe ba yo pwoteksyon
adisyonèl. Pwosesis konsantman rechèch la
kòmanse ak yon rekritman ansanm ak tès pou detekte prezans maladi a kay sijè ak
kontinye tout pandan sijè a angaje l antyèman nan rechèch la. Li gen ladann:
·
Founi
sijè yo bon jan enfòmasyon klè nan yon fason pou yo konprann.
·
Reponn
kesyon yo pou asire ke sijè yo konprann rechèch la ak wòl yo jwe ladann.
·
Bay
sijè yo bon jan tan pou yo panse ak desizyon yo.
· Jwenn
akò volontè sijè yo pou patisipe nan etid la. Akò an se sèlman pou fè pati etid
la, pandan ke sijè yo kapab retire kò yo nenpòt lè, refize reponn kesyon
espesifik yo, oubyen konplete tach espesifik yo nenpòt lè pandan rechèch la.
Dokimantasyon yo
Dokimantasyon yo sou zafè
konsantman bay yon rejis ke pwosesis konsantman te rive fèt. Li gen ladann
jeneralman yon fòmilè konsantman ke sijè a siyen oubyen moun k ap defann sijè
a. An pratik, yo souvan itilize dokiman sila kòm yon zouti pou angaje yo nan
pwosesis konsantman. Yo kapab petèt nan yon lòt fason anrejistre ris ak benefis
yo tankou sou anrejistreman odyo oubyen videyo, jan yon IRB, komite etik dakò
li ofisyèlman.
Dokimantasyon konsantman yo dwe ekri nan yon fason klè e nèt pou sijè yo.
Langaj lan pa dwe teknik (ki konparab ak langaj nou jwenn nan jounal yo oubyen
magazin ki nan sikilasyon jeneral yo). Tèm syantifik, teknik,
ak medikal yo dwe defini trè klè. Selon etid popilasyon an, li souvan rekòmande
ke enfòmasyon konsènan ris ak benefis yo dwe ekri nan nivo konpreyansyon lekti
klas sizyèm ak uityèm. Fòmilè akò ofisyèl pou minè yo ak materyèl rekritman
etid yo dwe reflete nivo lekti minè yo.
Ki eleman ki dwe fè pati pwosesis konsantman
rechèch la?
Jackie Galvez; Susan
L. Rose, Ph.D.; Jennifer Hagemann; Monica Aburto – University of Southern California
Pou moun yo antanke
sijè patisipe nan yon etid rechèch, yo dwe genyen bon jan enfòmasyon pou bay
yon bon enfòmasyon volontè konsènan ris ak benefis yo. Enfòmasyon yo dwe bay
sijè yo genyen:
· Objektif rechèch la
·
Pwosedi yo ki fè pati rechèch la
· Dwe gen lòt mwayen ki
disponib sizanka yon sijè ta deside pa patisipe nan rechèch la
· Tout
ris ak ti doulè alavans sijè a. *
Note ke sa yo pa sèlman gen domaj fizik men tou posiblite pou genyen difikilte
sikolojik, sosyal, oubyen domaj ekonomik, oubyen ti doulè
·
Benefis
rechèch yo nan sosyete a ak posiblite tou pou sila ki se sijè a
· Dire tan sijè a swete
patisipe
·
Yon
pèman pou patisipasyon an (si genyen)
·
Moun yo ka kontakte pou reponn kesyon yo oubyen yon bagay enpòtan ki gen
rapò ak yon domaj ki rive oubyen yon ka dijans
·
Espresyon
klè ki di ke patisipasyon an volontè
e ke refi pou patisipe a pa p abouti ak okenn konsekans osnon pèt apa ke
benefis ke moun nan dwe resevwa
·
Sijè
yo gen dwa konfidansyèl ak dwa pou yo fè demi tou nan etid la nenpòt lè san
okenn konsekans
Genyen de sòt de konsantman ki kapab petèt yon egzijans:
Konsantman- Yon granmoun ki kapab bay pèmisyon pou l fè pati yon etid
kapab bay konsantman. Nan pifò eta nan peyi Etazini, sijè yo dwe genyen 18
lanne e yo dwe gen bon kapasite pou pran desizyon pou yo patisipe. Paran yo/
moun ki gen dwa legal responsablite minè yo kapab tou bay konsantman yo pou
pèmèt timoun yo fè pati yon etid.
Akò- Nan anpil kote si sijè a gen pi piti ke 18 lanne, dwe gen
yon akò. Akò a se yon afimasyon pou di wi ke timoun nan ka fè pati rechèch la.
Fòmilè akò a dwe genyen yon langaj senp ki ekri nan yon nivo lekti ki apwopriye
ak sijè ki pi jenn nan mitan jenn yo. Yo dwe itilize yon fòmilè akò si sijè a
gen difikilte entèlektyèl ak mantal.
Garanti yon chwa lib
Lorna Hicks, MS, CIP – Duke University
Prensip respè pou moun nan egzije ke patisipasyon an nan rechèch la dwe
toutafè volontè, lib tout pratik gwo ponyèt oubyen gwo tonton enfliyans. Menm
lè yon etid pa lakòz domaj, yo dwe enfòme sijè yo ke se pa yon obligasyon pou
yo patisipe, e yo kapab chwazi mete yon bout ak patisipasyon yo nenpòt ki lè.
Lè a ak Lokal lan
Chèchè yo dwe konsidere nan ki fason lè pwosesis konsantman petèt gen ladan
li eleman yo ki se enfliyans gwo ponyèt. Sijè potansyèl yo pa ta dwe santi yo
lib pou chwazi èske yo dwe patisipe nan etid rechèch si yo se:
·
Adolesan ki gen paran yo nan sal la
·
Adolesan ki fè pati yon lòt gwoup
adolesan ke yo te rekrite pou menm etid la
·
Paran ki resevwa yon lèt nan men direktè
lekòl ki mande yo pèmisyon pou yo enskri timoun yo nan yon etid
· Espòtif ke antrenè yo te rekrite
·
Anplwaye ke patron yo mande yo pou yo patisipe
Yo dwe bay sijè yo bon
jan tan pou reflechi pou konnen èske yo vle patisipe tout bon vre nan yon etid.
Sa a nan yon fason presi vrè si pwosedi etid yo gen plis ris ki neglije ladan
li oubyen li pral egzije sijè yo revele enfòmasyon sekrè yo.
Rekonpans oubyen
ankourajman yo pou fè pati rechèch la pa dwe twò wo nan fason ke yo anile lòt
konsiderasyon yo pou sijè potansyèl yo. Pou nou konnen si ankourajman yo se
enfliyans gwo ponyèt depann de kontèks rechèch la ak resous finansye e
emosyonèl sijè yo.
4.
ENTIMITE/KONFIDANSYALITE
LAN
Jackie Galvez; Susan
L. Rose, Ph.D.; Jennifer Hagemann; Monica Aburto – University of Southern California
Pwoteksyon entimite ak konfidansyalite
lan se sijè enpòtan nan zafè pwoteksyon moun yo antanke sijè rechèch yo.
Pwoteksyon entimite ak konfidansyalite lan sou zafè moun yo antanke sijè
rechèch yo se estansyon prensip otonomi yo (respè pou moun) ak lacharite a ki
fè pati Rapò Bèlmon an.
·
Nou kapab defini Entimite a sou yon baz kote nou gen kontwòl degre patikilye a ak
enpòtans sitiyasyon an, kapasite oswa chans ki genyen nan moman aktivite a,
ansanm ak sikonstans yo lè nou pataje tèt nou (yon fason fizik, konpòtman, oswa
entèlektyèl) avèk lòt moun.
·
Konfidansyalite
lan fè
pati tretman enfòmasyon yo ke moun nan te revele nan yon relasyon ki chita sou
konfyans avèk espwa ke enfòmasyon sa ap rete sekrè nan fason ki diferan avèk
yon bon jijman san pèmisyon sekrè orijinal la.
Envestigatè yo dwe
dekri plan pou pwoteje idantite sijè yo ansanm ak konfidansyalite rejis rechèch
la. Yo dwe pran swen pou esplike mekanis yo ke yo te envante pou pwoteje
entimite sijè yo, paregzanp, itilizasyon nimewo oswa kòd oubyen nan yon tiwa
kote dosye sekirize nan biwo prive yo. Anplis de sa, envestigatè a dwe dekri
moun ki gen aksè ak done an e nan ki sikonstans yo ka retire kòd lan. San bon
jan sekirite, pwoblèm yo ka vin egziste alontèm nan rejis yo. Nan sikonstans espesyal
yo ki egzije pwoteksyon adisyonèl pou anpeche kriminèl potansyèl oubyen pouswit
sivil nan patisipasyon moun antanke sijè, komite etik lan kapab egzije pou yo
detwi tout done ki kapab idantifye sijè yo. Sijè yo dwe gen enfòmasyon pou
konnen si y ap kenbe done ki te kolekte yo, e si se ta sa, pou ki rezon, nan ki
moman, oubyen èske e kilè y ap rann done yo sekrè oubyen detwi yo.
Gen yon ka espesyal ki
revele konsènan done ki anrejistre sou kasèt ak videyo yo ak foto yo depi medya
sila yo founi bon jan lòt mwayen potansyèl konsènan idantifikasyon sijè yo.
Anketè yo dwe sekirize konsantman sijè yo yon fason ki klè lè yo fè mansyon
pratik sa yo. Yo dwe tou esplike plan yo pou dispozisyon final yo oubyen
destriksyon tip anrejistreman yo.
5.
RIS/BENEFIS
Tracy Arwood, MS –
Clemson University; Sangeeta Panicker, PhD – American Psychological Association
Ris
Ris la defini antan yon
posiblite pou genyen domaj (fizik, sikolojik, sosyal, oubyen ekonomik) ki rive
antan rezilta patisipasyon nan yon etid rechèch. Ni rechèch biyomedikal ak
sosyal ansanm ak syans konpòtman yo kapab fè pati kèk nivo ris pou lasante yon
moun, fizik, sikolojik, oswa byennèt sosyo-ekonomik. Etidyan yo antanke chèchè
dwe konsidere ris sa yo lè y ap dirije etid yo genyen yo:
Rezilta
kesyon ris yo nan etid la/ Ankèt yo
Nan rechèch kote moun
yo sèvi antanke sijè, espesyalman nan pwojè sosyal ak syans konpòtman yo yo,
sijè yo ka santi yo sou estrès akòz kesyon ak pwosedi rechèch yo. Kesyon yo
petèt soulve memwa tranchan yo oubyen pwoblèm yo ki pa t gen solisyon. Entèvyou
pèsonèl sivivan yo oubyen vyolans leta yo, paregzanp kapab gen estrès. Kesyon
yo konsènan syans konpòtman yo danje yo kapab lakòz anbarasman, santiman koupab,
oubyen lwa sivil ak kriminèl lè ke konpòtman nan yon fason jeneral ilegal
oubyen ki pa akseptab nan sosyete a.
Pifò ris sikolojik yo gen yon degre ki neglije
osnon ki pa dirab, poutan envestigatè yo dwe okouran yon devlòpman fiti pou yon
domaj sikolojik serye.
Vyolasyon
konfidansyalite lan
Yon enfraksyon konfidansyalite
reprezante pi gwo danje patisipan yo nan zafè moun antanke sijè rechèch ni sou
plan syans sosyal ak konpòtman yo. Yo kapab andomaje ak mete an danje
repitasyon ak anplwa yo si yo pa gade sekrè konfidansyalite lan.
Enfòmasyon konsènan
aktivite sijè yo kapab mete aksyon legal yo an danje. Paregzanp, si yon chèchè kesyone
paran yo sou fason yo disipline timoun yo, enfòmasyon konsènan abi sou timoun yo
kapab revele e yo dwe rapòte yo. Menm jan tou, si sijè yo revele enfòmasyon
konsènan aktivite ilegal yo oswa estigmatizasyon, nenpòt nan revelasyon
enfòmasyon sa yo kapab mete sijè a nan gwo danje ki gen gwo domaj.
Yo detèmine tip ak nivo
ris yo selon kontèks, Paregzanp, rechèch ki gen rapò ak kanpay pou chanjman
sosyal ak politik nan kèk peyi kapab mete sijè yo nan gwo danje serye, pandan
ke li pa t ap mete yo nan pwoblèm nan lòt peyi yo.
Nan anpil ka ris nan
zafè entimite/ konfidansyalite lan kapab sispann oubyen redui selon nivo
atansyon yo fè ak pwosedi yo pou asire konfidansyalite lan. Sipò ak referans
sikolojik yo kapab fè pati etid yo lè gwo enkyetid emosyonèl kapab petèt yon
konsekans. Fòmilè konsantman yo ki dekri tip kesyon yo ke chèchè yo ap gen pou
poze yo pèmèt patisipan yo chwazi si toutbon vre yo vle pibliye sèten tip
enfòmasyon oubyen esplore sèten kesyon.
Benefis
yo
Benefis potansyèl yo
pou chak grenn sijè kapab fasil pou defini nan etid yo lè yo ofri entèvansyon
yo pou pwoblèm konpòtman, sikolojik, oubyen fizik yo. Poutan, rechèch la souvan dirije pa yon manm fakilte
oubyen sou envestigasyon yon etidyan ki gradye nan yon domenn etid espesyalize.
Rechèch la gen chans pa ofri okenn benefis dirèk a sijè yo.
Anplis de sa, sa kapab pran plizyè
lanne anvan yo pibliye rezilta rechèch la ak rann li itil pou sosyete a oubyen
pou gwoup moun yo. Pwomès vag yo sou benefis lasyans osnon sosyete a pa gen bay
bon jan deskripsyon sou benefis lan nan yon fòmilè konsantman osnon yon
aplikasyon rechèch. Lè pa gen okenn benefis dirèk pou sijè yo, yo dwe fè yo
konnen sa chèchè a ap eseye aprann e pou ki rezon. (Sèl eksepsyon an ta dwe nan
yon etid kote desepsyon se yon nesesite, ak akò komite etik lan, IRB, objektif
ki egziste dèyè reyalite a esansyèl).
Note
ke rekonpans yo bay sijè yo pa konsidere antanke yon benefis nan analiz
ris/benefis la, ni se pa yon reyalite ke patisipan yo kapab twouve rekonpans
lan itil.
Evalyasyon
Ris la
Youn nan travay ki pi
enpòtan ak egzijan chèchè yo ak komite etik lan ap fè fas se idantifye ak
evalye ris ak domaj yo ki asosye nan patisipasyon rechèch la. Separe rechèch
etid biyomedikal yo ak esè klinik yo nan sa ke sous ris yo gen chans pou yo
rekonèt ak detèmine kantite yo san ezitasyon, domaj potansyèl yo ki fè pati
rechèch syans sosyal ak konpòtman yo kapab pi vag ak mwen klè, tankou reyaksyon
moun yo parapò ak kèk evennman oswa kesyon. Sepandan, idantifye ak evalye ris
yo nan yon tèl sitiyasyon ta sipoze avize pa yon kantite rechèch oubyen etid
adisyonèl ki te reyalize sou rechèch la sou zafè ris yo ki fè pati rechèch la.
Ris ak domaj ki
tipikman asosye ak rechèch sosyal ak konpòtman yo lan fè pati sosyal,
sikolojik, ekonomik, ak lwa legal ki nan nati a. Sepandan, nan kèk ra sikonstans,
ris yo kapab fè pati domaj fizik. Paregzanp, sila yo ki fè etid sou viktim
vyolans domestik yo dwe konsidere ke patisipasyon moun yo nan etid la kapab
tounen revè vyolans viktim yo si yo dekouvri patisipasyon sijè yo nan rechèch
la.
Li posib tou nan moman gwoup
yo oubyen kominote yo olye ke moun yo se sant enterè yon etid, gwoup lan
antanke yon sèl eleman kapab an danje pou sibi domaj. Paregzanp, rechèch sou
epidemi moun ki gen jèm sida nan kominote yo kapab estigmatize kominote ki
angaje nan etid la.
Idantifikasyon,
evalyasyon, ak minimizasyon ris pi enpòtan ke tout lòt bagay pou dirije rechèch
etik syans sosyal ak konpòtman yo.
Idantifye
Ris ki fè pati Rechèch Syans Sosyal ak Konpòtman yo
Ris ak domaj yo nan
syans sosyal ak konpòtman yo tonbe nan twa kategori:
·
Envazyon entimite a
·
Vyolasyon konfidansyalite lan
·
Pwosedi etid yo
Envazyon entimite a
kapab rive fèt si yo aksede oubyen kolekte enfòmasyon pèsonèl yo san konsantman
osnon konesans sijè yo. Paregzanp, si yon chèchè ap dirije yon etid sou
estrikti enteraksyon yo sou sipò yon gwoup sou entènèt e konekte ak gwoup lan
san revele vrè idantite li sou nèt la, patisipan yo nan gwoup sipò a kapab
santi ke chèchè a te anvayi entimite yo, si oubyen ki lè vrè idantite li antan
yon chèchè te revele nan gwoup la.
Envazyon entimite a kapab rive tou si yo revele patisipasyon yon sijè nan
yon etid malgre asirans yo ke sa pa t ap rive. Paregzanp, si yon chèchè ap
edidye degre reyaksyon emosyonèl kay fanm yo ki te sibi abi seksyèl. Rechèch la
dirije nan yon laboratwa ke inivèsite a chwazi nan yon jou espesyal chak
semenn. Yon lòt moun nan estaf inivèsite a apèsi yon moun nan sal reyinyon an e
dekouvri anplis de sa ke moun sila te sibi abi seksyèl.
Enfraksyon Konfidansyalite lan
Petèt ke premye sous domaj potansyèl yo nan syans sosyal ak konpòtman yo sè
ke enfòmasyon ke chèchè yo kolekte yo kapab nan de fason opoze afekte sijè yo
si yo soti nan sal rechèch la. Konfidansyalite lan kapab konpwomèt atravè yon
piblikasyon done yo ki pa otorize, ki te kapab yon enpak negatif sou estati
sikolojik, sosyal, oubyen ekonomik sijè yo. Paregzanp:
·
Yon
piblikasyon estati sante yon sijè san entansyon li kapab bay rezilta ak yon pèt
anplwa oubyen frè kouvèti asirans li.
·
Revelasyon
piblik enfòmasyon yo yo kolekte konsènan oryantasyon seksyèl yo kapab bay
rezilta ak yon pèt nan estati sosyal yo.
·
Travayè
ke yo mande pou pataje atitid yo konsènan siksè patwon yo kapab pèdi travay yo
osnon yo refize bay yo pwomosyon si enfòmasyon yo pa jwenn bon jan pwoteksyon.
·
Enfòmasyon
konsènan aktivite ilegal yo oubyen estati imigran yo kapab gen gwo konsekans
legal serye pou sijè yo.
Pwosedi etid yo
Nan kèk ka yo, fè tou senpleman pati nan rechèch la kapab mete sijè yo an
danje. Paregzanp, si yon chèchè ap dirije yon entèvyou ak manm endividyèl yon
gwoup gang, li kapab petèt nesesè pou jwenn andwa pou rankont lan kote lòt manm gwoup gang yo pa p ka obsève enteraksyon
an.
Yon lòt sitiyasyon kote yon senp patisipasyon nan rechèch la kapab poze kèk
danje ak sijè yo se lè gen yon potansyèl ki ka devlope pou yon enfraksyon konfidansyalite
lan, se pa paske pwosedi konfidansyalite lan pa efikas bò kote ekip rechèch la,
men bò kote sijè yo lè enfòmasyon ki te kolekte nan anviwonnman yon gwoup
tankou yon fokis gwoup. Byenke yo te
avèti patisipan yo nan yon fason jeneral pou pa pataje enfòmasyon yo andeyò sal
kote yo te kolekte done yo, yo dwe mete sijè yo okouran ke chèchè yo pa ka
garanti konfidansyalite lan.
Yo souvan di ke vrè nati pwosesis rechèch la kapab poze domaj ak sijè yo.
Paregzanp, lè y ap evalye yon fason fòmèl plan rechèch yo ki fè pati poze sijè
yo kesyon konsènan twomatis oubyen abi, manm komite etik yo petèt gen enterè
nan sa ki gen pou wè ak ouvèti ansyen evennman blesan yo. Sepandan, dekouvèt
rechèch resan yo montre ke bon jan pwoteksyon yo antre nan plan etid la, tankou
asire ke entèvyouwe a resevwa teknik pou poze kesyon yo nan yon mannyè
ankourajan e ak respè e reponn ak reyaksyon sijè yo yon fason apwopriye, kèk
grenn nan sijè yo te vrèman fache. An reyalite, pifò sijè yo, ki gen ladann
sila yo ki te fè esperyans t ap epanye emosyon negatif yo, rapòte ke yo te
santi yo byen konsènan patisipasyon yo nan etid la (Cromer ak Newman
2011,1536-48). Kidonk, li enpòtan pou gen yon evalyasyon fòmèl literati yon
domenn pou detèmine ki, si pa genyen, ris ak domaj sijè a oubyen plan rechèch
la ka poze ak patisipan yo ak ki, si pa genyen pwoteksyon adisyonèl ki petèt
nesesè.
Evalyasyon ris yo
Pwobabilite ak Degre ris la
Lè n ap evalye domaj ki asosye ak yon patisipasyon nan yon etid rechèch,
gen de eleman diferan nan ris yo ki dwe jwenn konsiderasyon. Youn se
pwobabilite domaj la – pwobabilite ke yon domaj espesifik gen chans pou l rive.
An reyalite se pa tout domaj posib yo ki gen yon pwobabilite egal nou dwe
konsidere lè n ap evalye ris yo. Dezyèm eleman ris la reprezante pa degre li ki
se mayitid la oubyen severite domaj la ki dwe rive. Enteraksyon ant de eleman
sa yo se faktè enpòtan pou detèmine nivo domaj la nan yon etid.
Souvan gen yon diferans ki egziste nan mitan pwobabilite a ak degre ris la
nan yon etid. Paregzanp, yon chèchè vle fè yon ankèt ki baze sou entènèt sou
etidyan kolèj yo pou kolekte enfòmasyon konsènan konpòtman seksyèl yo ak
itilizasyon dwòg. Idantifikatè dirèk yo p ap ka kolekte; sepandan, adrès IP an,
entènèt pwotokòl lan ki egziste pou fè kominike enfòmasyon yo kapab prezan nan
estrikti done yo. Byenke pwobabilite ki genyen pou kapab idantifye yon sijè endividyèl
ba, posiblite degre domaj la elve etandone sansiblite enfòmasyon an. Pou plis
enfòmasyon konsènan jesyon ris yo nan rechèch ki baze sou entènèt la, vizite
CITI Program module Internet-Based
Research- SBE. www.citiprogram.org
Sitiyasyon
ak Tan an
Ris ak domaj yo nan
patisipasyon rechèch la espesifik ak tan an, sitiyasyon an, ak kilti a. Kisa ki
ka petèt yon pwoblèm sansib sosyalman oubyen yon diskisyon nan yon tan oubyen
yon andwa ki petèt pa sa nan yon lòt tan oubyen yon andwa. Paregzanp, mande
fanm yo si yo te fè yon avòtman ta va pote gwo ris diferan nan yon peyi kote avòtman
se yon pratik medikal kotidyen, yon kote li ilegal, oubyen yon peyi ke li legal
kote pwoblèm lan poutan chaje ak deba relijye e politik.
Sijè
Popilasyon an
Ris ak domaj yo pral
diferan tou selon sijè popilasyon an. Konsidere ka sa a: Yon etid sou efikasite
nan yon entèvansyon sou konpòtman pou mete bout ak fimen konsène ni granmoun ni
jenn yo. Jeneralman acha pwodui tabak yo ilegal pou moun ki poko gen 18 lanne
yo. Pou granmoun, sepandan, se yon
danje pou lasante, poutan se pa yon aksyon ilegal. Kidonk, nenpòt evalyasyon
ris pou jenn yo ap gen devwa pou konsidere ke pwen santral rechèch la chita sou
yon aktivite ilegal.
Menm jan, yon ankèt konsènan maladi seksyèlman transmisib yo ta va pote
diferan ris pou gason k ap viv nan rezidans klas mwayèn yo, klèje, ak manm gang
yo.
Evalye ris la yon fason
objektif
Chèchè yo
Moun yo, ki gen ladan yo chèchè yo, kapab souzestime ris yo ki enplike nan
aktivite ke yo familye ak estime yon fason trè elve benefis bagay yo twouve ki
enpòtan pou yo
Sijè potansyèl yo
Malgre vrè nati pwobabilite domaj la, rechèch la montre ke lè domaj
potansyèl yo sevè moun yo gen entansyon estime pwobabilite a yon fason ki trè
elve. Lè domaj potansyèl yo mwen sevè, tankou anbarasan, moun yo gen entansyon
souzestime pwobabilite a.
Yon evalyasyon endepandan ris la kritik. Yon fonksyon ke komite
etik yo genyen se bay evalyasyon endepandan sa a.
Balanse
Ris yo ak Benefis Potansyèl yo
Regleman federal yo, ki
chita sou prensip etik lacharite a, egzije ke ris ak domaj ki asosye ak rechèch
la rezonab nan relasyon benefis potansyèl yo.
Yon nivo konsiderab
degre rechèch la nan syans sosyal ak konpòtman yo ofri yon ti potansyèl pou
benefis dirèk sijè yo genyen menm. Benefis rechèch yo souvan gen pou pati
esansyèl li enpòtans konesans ki gen pou aprann yo, kontribisyon li pote pou
lasyans, oubyen kontribisyon pou sosyete a an jeneral. Kapab genyen tou kèk
sitiyasyon kote yon kominote espesifik benefisye rechèch la, olye se sijè
endividyèl yo. Sa a dwe ekilibre lefèt ke pifò rechèch nan syans sosyal ak
konpòtman lan poze yon ti osnon okenn ris ak domaj a sijè endividyèl yo.
Regleman federal yo egzije
nan akò yo ke ris ak domaj yo dwe diminye a yon nivo posib, ki konpatib ak plan
rechèch ke lwa syans yo pwouve.
Nan objektif pou
diminye ris la, sijè potansyèl rechèch yo dwe genyen bon jan enfòmasyon pou
deside èske yo vle aksepte ris yo ak patisipe nan rechèch la. Si kesyon rechèch
yo ap gen yon nati sansib, yo dwe avèti sijè yo davans. Sijè yo tou dwe konnen
ki mezi k ap pran pou pwoteje enfòmasyon konfidansyèl yo, ki gen ladann
dispozisyon materyèl anrejistreman yo. Ke nenpòt nivo ak limit yo ke yon chèchè
ka pwoteje enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye yo dwe detaye yon fason trè klè.
Lwa leta ak lokal yo kapab limite konfidansyalite lan, tankou rapòte egzijans
konsènan abi sou timoun ak granmoun. Yo pa ka garanti konfidansyalite pou
enfòmasyon ki te pataje nan yon fokis gwoup.
Diminye ak Jere Ris la
Lè se enfòmasyon yo ki se sous
prensipal ris la
Lè yon posib piblikasyon repons sijè yo se sous prensipal domaj potansyèl
la, kolekte enfòmasyon yo yon fason anonim kapab founi yon pwoteksyon ki pi
meyè. Paregzanp, yon ankèt ki fèt sou imèl kapab gen yon konstriksyon san yon
pwosedi kontinyasyon, ki pa mwayen sa a rann bezwen pou rekonèt idantite sijè
yo initil.
Si, sepandan, plan etid lan rann enfòmasyon yo kolekte pou idantifye moun
yo nesesè, paregzanp, yon etid ki gen ladann enfòmasyon konsènan yon moun
oubyen gwoup yo, pwoteje enfòmasyon kont domaj yon aksè ki pa otorize kapab
akonpli nan plizyè fason, ki gen ladann:
·
Retire
tout idantite dirèk moun yo osi vit posib.
· Ranplase
idantite moun yo pa kòd.
· Kenbe
lis kòd yo ak dosye enfòmasyon yo nan diferan andwa sekirize.
· Itilize
metòd ki akseptab yo pou pwoteje kont idantifikasyon endirèk, tankou enfòmasyon
sekirize ki konpile yo oubyen ti non jwèt yo.
· Itilize
ak pwoteje mò pas / kòd (“password”) òdinatè yo.
· Konvèti
ak estoke done yo sou fòm kòd pou anpeche aksè san otorizasyon.
· Aksede
ak estoke done yo sou òdinatè yo san koneksyon entènèt.
· Jwenn
yon sètifika konfidansyalite.
Anvan sa, lè yo te konn
toujou anrejistre done ak estoke yo sou papye ak/oubyen aparèy yo tankou diskèt
yo, chèchè yo te limite aksè done yo lè yo te estoke anrejistreman yo nan tiwa
dosye yo ki fèmen ak kle, nan biwo ki fèmen ak kle. Avèk gwo itilizasyon
teknoloji dijital yo pou jwenn, transmèt, analize, ak estoke enfòmasyon, sekirite
done yo vin ankò pi konplike. Souvan chèchè yo pa espè nan zafè teknoloji
enfòmasyon yo. Pou rezon sila, ekip rechèch la dwe konsilte kontak sekirite
espè teknoloji enstitisyonèl yo pou gide yo konsènan mwayen ki pi si an pou
jwenn, transfere, analize, ak estoke done yo lè sous prensipal ris lan soti nan
yon enfraksyon sekirite a.
6.
ENTIMITE
AK METÒD RECHÈCH YO
Lorna Hicks, MS, CIP –
Duke University
Pandan se pa yon lis ki
gen tout eleman yo ladann, materyèl sila yo k ap vini an mete aksan sou kèk pwen
enteresan konsènan entimite a nan kontèks rechèch la:
Etid
obsèvasyon yo
Nan kèk etid obsèvasyon
yo, chèchè yo patisipe nan aktivite yo antanke obsèvatè e sijè yo konnen ke
chèchè yo gen doub wòl antanke patisipan ak chèchè. Sepandan, si yo obsève sijè
yo ak kolekte enfòmasyon prive ki ka idantifye konsènan yo san konesans ak
konsantman yo, gen sa nou rele yon vyolasyon klè dwa entimite yo genyen.
Pou detèmine si
obsèvasyon sekrè an kapab konsidere antan yon ide etik depann sou repons kesyon
yo tankou èske benefis potansyèl etid la te jistifye envazyon entimite a e
kisa, si pa genyen y ap di sijè yo apre yo fin kolekte done yo. Paregzanp, yon
chèchè ki enterese nan efè ki aktive yon sèten dezi kay moun yo sou chwa yo
genyen ant goute ki bon pou lasante oubyen sila ki pa bon pou lasante te
disponib pou sijè yo pandan yon “pòz” nan mitan travay etid yo, kapab
anrejistre sijè yo sou videyokasèt pandan pòz la san konesans yo. Èske chèchè
yo kapab pale yon fason klè sou yon benefis potansyèl? Èske yo dwe bay sijè yo
yon opòtinite pou mande pou yo detui fim ki fèt sou konpòtman yo genyen an?
Fokis
Gwoup yo
Fokis gwoup yo inik nan
tip anviwonnman yo kote ni entimite a ak konfidansyalite lan kapab bay pwoblèm.
An reyalite, moun yo ki fè
pati fokis gwoup yo sispann esprime dwa yo volontèman sou kontwòl degre, chwa,
jijman, oubyen tan sa dwe pran ak sikonstans yo nan pataje enfòmasyon pèsonèl
yo akòz lot moun nan gwoup yo ka repete sa yo di yo yon lòt kote.
Sa a kapab rive menm si chèchè yo mete aksan pou di ke yo pa dwe repete kòmantè
ki te fèt pandan sesyon fokis gwoup la. Chèchè yo kapab pwoteje anrejistreman
yo ak dokiman ekri yo poukont yo, men yo pa gen pouvwa pou fè patisipan yo
siyen akò pou pwoteje yon fason patikilye enfòmasyon ki te pataje yo. Chèchè yo
kapab ankouraje patisipan yo pou yo fè tou efò yo pou onèt ak disponib, poutan nan moman
jistifikasyon ofisyèl diskisyon yo, yo dwe ankouraje
patisipan yo tou pou yo rete vijilan nan limit yo sou kapasite chèchè a pou
pwoteje entimite yo genyen.
Rekritman
Patisipan Rechèch yo
Rekritman patisipan
rechèch yo se yon teknik rekritman kote yo mande patisipan rechèch yo pou ede chèchè
yo nan travay idantifikasyon lòt sijè potansyèl yo. Si diskisyon rechèch la pa
sansib osnon pèsonèl, li kapab apwopriye pou sijè yo bay chèchè yo non moun ki
ka petèt enterese patisipe. Si sijè a sansib oubyen pèsonèl, lefèt ke yon moun
te adopte paregzanp, yo dwe fè atansyon konsiderab pou ke yo pa vyole entimite
sijè yo. Nan ka sa a, sijè ki bay akonpayman yo avèk sila yo rekrite yo kapab
bay enfòmasyon konsènan rechèch al ak sijè potansyèl yo, olye yo bay chèchè yo
non sijè potansyèl yo.
Konfidansyalite
lan
Chèchè yo bay konfidansyalite
ak sijè yo genyen yo lè yo pwoteje yon fason apwopriye enfòmasyon sekrè sijè
yo. Ris ak domaj potansyèl sijè yo si done ki kapab idantifye te revele yon
fason aksidantèl se yon faktè kle pou detèmine ki tip pwoteksyon yo bezwen.
Fason ideyal pou
pwoteje done rechèch la se pa kolekte enfòmasyon ki kapab idantifye sijè yo, sè
ke, ni sila yo kapab idantifye yon fason dirèk yo tankou non yo oubyen adrès imel
yo, ni sila yo ki kapab idantifye yon fason endirèk tankou enfòmasyon yo yo
kapab itilize pou dedui idantite sijè yo.
Si chèchè yo planifye
pou kontinye genyen done ki kapab idantifye yon fason endividyèl si sekrè yo
revele aksidantèlman kapab mete patisipan yo an danje, chèchè yo dwe planifye
pwosedi yo pou pwoteje done yo pandan rasanblaj, estokaj, analiz, ak rapò yo. Pwosedi
sila yo kapab gen ladan yo kreyasyon enpòtan koneksyon non sijè yo ak nimewo
inik ki asosye done yo, estokaj done ki konvèti sou fòm kòd yo pou anpeche aksè
san otorizasyon yo sou sèvè sekirize òdinatè yo, retire sila ki kapab idantifye
yo lè rasanblaj done yo fini, rapòte done yo an gwo, ak kreye konfizyon sila yo
ki kapab idantifye nan atik ak prezantasyon yo.
Fòmilè konsantman dwe
esplike yon fason klè pou di kiyès k ap gen aksè ak done ki kapab idantifye yo,
ni jodi a ak demen, ak dekri nenpòt itilizasyon done yo ki gen pou fèt demen.
Si chèchè yo, paregzanp, vle montre videyo rechèch sijè yo pandan prezantasyon
konferans yo oubyen itilize yo nan sal klas yo, yo dwe mande sijè yo pèmisyon
pou itilize imaj yo nan fason sa yo.
7.
KONFLI
ENTERÈ
Robin N. Fiore, Ph.D –
University of Miami
Kisa yon Konfli Enterè ye?
Pwofesyonèl yo gen sa nou rele yon konfli enterè lòske enterè yo oubyen angajman yo konpwomèt
jijman yo, konpwomèt rapò rechèch yo, oubyen kominikasyon yo ak sijè rechèch la,
patisipan yo, pasyan yo, ak/ oubyen kliyan yo. (NHRPA
2001). Gen de tip konfli enterè (Rodwin 1993):
1. Konfli ant enterè pèsonèl pwofesyonèl la oubyen enterè
finansye oubyen enterè yon sijè/patisipan, pasyan oswa kliyan.
2. Konfli yo ki fè pati konpetisyon pou rete fidèl ak, de
oubyen plis sijè, pasyan oswa kliyan. Kapab nan yon lòt fason posib ant yon
sijè/patisipan, kliyan oubyen pasyan ak yon twazyèm pati ke pwofesyonèl dwe yon
kontra, tankou esponnsò rechèch yo, konpayi asirans yo, patwon yo, e latriye.
Ki
enterè etik ki an rapò ak konfli enterè yo nan rechèch yo?
Gen de gwo enterè etik enpòtan ki an rapò ak konfli enterè yo: prezèvasyon
rechèch syantifik yo ak pwoteksyon moun yo antanke sijè. Pwoteksyon solid moun
yo antanke sijè – ak sila yo ki itilize pwodui lasyans yo – depann de asirans
yo bay fèmte rechèch la.
Prezèvasyon rechèch syantifik
la
Konfli enterè yo poze yon menas ak entegrite syantifik la lè yo entwodui
fòm prejije kont moun yo ki afekte antrepriz lasyans lan menm. Premye bagay la,
relasyon finansye ant anketè yo, sant rechèch akademik yo ak endistri prive yo
kreye gwo ankourajman pou sèvi enterè komèsyal yo olye se avansman konesans
syantifik yo. Esponnsò yo paregzanp kapab chache limite piblikasyon an, site
dwa pwoteksyon ak pwopriyete legal enfòmasyon yo, nan objektif pou evite travay
konpetitè yo avanse. Yo kapab kache dekouvèt enfòmasyon yo lè yo kenbe kontwòl
piblikasyon yo, oubyen evite revele evennman ak efè negatif ki kapab choke
piblik la. Dezyèm bagay la, desizyon yo nan plan etid la kapab enfliyanse yon
fason enstans fèmte rezilta yo nan etid la. San konesans yon anketè, konfli enterè
yo kapab enfliyanse plan ak konduit rechèch la nan fason ki rann rezilta etid
yo san sans.
Pwoteksyon moun antanke sijè
Yon ajan egzekitè se yon moun de konfyans ki aji nan plas lòt moun yo pou
avantaj moun yo, oubyen nan enterè piblik yo. Konpwomèt
fidelite a se yon bagay ki kontradiktwa ak pozisyon yon moun antan yon ajan
egzekitè. Pwofesyonèl yo ki gen responsablite pou aji antanke ajan egzekitè dwe
evite enterè yo (oubyen wòl yo) ki poze yon danje pou byennèt sila yo yo gen
yon responsablite anvè yo. Pwoblèm lan sè ke anketè yo – ki gen presyon sou do
yo pou fè rekritman – kapab diminye lantman reyisit pwosesis konsantman lè yo
mal reprezante oubyen enfliyanse moun yo yon fason ki pa apwopriye pou patisipe
nan rechèch la.
Fòmasyon
sa a te reyalize gras ak sipò sibvansyon Fondasyon Nasyonal Lasyans (NSF),
CAREER: #1455142.
“Estrateji Depa: Konprann Enpak Alontèm
Èd ONG” dirije pa Mark Schuller.