12 janvye 2020
Mark Schuller
Avèk kolaborasyon Nixon Boumba, James Darbouze, Mamyrah Dougé-Prosper ak Sabine Lamour
12 janvye make 10zan depi Goudougoudou. Anpil fwa, Ayiti parèt nan jounal oswa nan televizyon lòt bò lè gen yon eskandal, yon katastwòf, oswa vyolans. Nan moman peyi lòk yo nan mwa oktòb 2019, te gen youn asenal atik nan jounal etranje. Nan menm moman tou te gen manifestasyon ak gwo represyon Leta ki te lakòz 3 jounalis pèdi lavi yo. Se yon mobilizasyon manch lonn ki te koumanse depi 6-8 jiye 2018, e li se dife ki te fè Kou Dekont wè nesesite pou soti rapò 30 me 2019 sou dosye PetwoKaribe a.
Majorite atik yo parèt san kontèks, avèk imaj ki fiske sou kawoutchou k ap boule, sa ki reprezante vyolans pou laprès kapitalis nan peyi etranje. Premye nasyon endepandan nwa a, Ayiti toujou sibi anba sistèm ideyolojik rasis/sipremasi blan an. Lòt mobilizasyon tankou Jilè Jòn nan Lafrans kapab sèvi ak menm taktik, men nan ideyoloji medya ak dirijan gran peyi enperyalis yo, militan blan yo ap ‘mobilize’ tandiske nwa yo ap ‘fè vyolans.’
Brid sou kou, apre kèk ti grenn repòtaj, Ayiti disparèt ankò nan laprès entènasyonal. Se kòmsi Ayiti pa la ankò. Men imaj fantòm ‘vyolans’ yo pa sòti nan tèt moun ki ap li atik oswa k ap gade imaj yo nan peyi etranje.
Men Ayiti la. Epi li toujou la. Epi Ayisyèn ak Ayisyen ap toujou goumen kont sistèm peze souse ki mache kòt a kòt ak youn Leta restavèk ki vin tounen yon zouti pou sèvi enterè klas dominan yo ak peyi enperyalis yo, sa k rele “Core Group” la.[1]
Epitou, non sèlman Ayisyen ak Ayisyèn mete bòt oubyen tenis nan lari pou pote kole, men yo reflechi, yo analize, yo denonse, yo pwopoze solisyon, yo reve yon lòt Ayiti, yon lòt relasyon avèk sistèm mondyal la. N ap ekri yon seri atik sou koze a pou nou anplifye vwa Ayisyèn/Ayisyen k ap analize konjonkti a epi k ap eseye pran chemen pou yon lòt Ayiti. Nan seri atik k ap swiv n ap eseye divèsifye vwa, analiz, reyalite, ak revandikasyon sitwayen yo plis pase anvan.
Ti tèks entwodiksyon sa a ap koumanse kadre kote mobilizasyon PetwoKaribe a sòti. Al gade tèks Kolektif Anakawona te ekri a pou plis detay.
Youn nan aspè mobilizasyon PetwoChallenge la ki merite parèt se lefèt li reprezante plizye kouch nan sosyete a, epi li mobilize jèn ak konpatriyòt ki nan Dyaspora a. Klas mwayèn ki rete Delma oubyen nan Dyaspora koumanse mete men nan pat la ki pa souvan pale nan sa kap pase nan sosyete a, tandiske se yon lit ki gen dimansyon popilè. Se vre, gen yon seri kontradiksyon kote anpil moun ki prezante tèt yo kòm lidè mouvman an sòti nan sa yo rele ‘klas politik’ la, ki alafwa jij ak akizatè. Kèk nan lidè sa yo enplike nan yon seri dosye PetwoKaribe. Non yo site nan lòt dosye koripsyon ak foure men pran nan lajan Leta. Dapre enfòmasyon ki sòti nan rapò ta sanble non kèk gwo boujwa nan peyi a site.
Rankont ki te konkli mèkredi 19 jen avèk kèk reprezantan Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) te montre aklè gwo peyi nan rejyon an, sitou Etazini, toujou ap kore Prezidan Jovenel Moïse nan moman sa a. Jovenel te eli nan yon eleksyon ki te anile poutèt gwo koripsyon nan lane 2015-17. Se menm OEA ak Core Group la ki te prese prese aksepte rezilta yo menmsi li te parèt aklè eleksyon an pat byen òganize. Nan yon dezyèm tou eleksyon an, avèk yon to patisipasyon ki te 21%, Jovenel te finalman reyisi.
Jovenel se eritye Prezidan Michel Joseph Martelly, ki te rive sou pouvwa a an 2011 anba kout kont mal tayè politik anti demokratik Sekretè Deta Etazini nan epòk sa a, Hillary Clinton, lè mari li, ansyen Prezidan Etazini Bill Clinton, te alafwa Anvwaye Espesyal Nasyonzini, Prezidan Fondasyon Clinton, ak ko-prezidan Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti (CIRH). Martelly – ki te gen yon grenn Depite ki te eli ansanm avèk li – te konsolide pouvwa li gras ak entèvansyon Clinton yo. Li kreye yon pati politik “Tèt Kale” epi se li menm ki dirije gwo flou lajan pou rekonstriksyon Ayiti, èd imanitè, anba kontwòl CIRH ak MINUSTAH.
Se kontèks sa a ki enpòtan pou nou sonje. San kontèks sa a, eskandal PetwoKaribe a ta yon bon chwal batay pou Tonton Sam, oubyen Tonton Trump ki te rele peyi ki te koupe fache ak sistèm esklavaj yon “twou kaka.” Jan majorite medya kapitalis etranje pale sou “koripsyon” ann Ayiti, se yon fenomèn natif natal: diskou a ta vle fè konprann Ayiti pa kapab jere oubyen dirije. Se menm diskou rasis sa yo Ayiti ap fè fas kare depi lontan, epi ki sèvi kouvèti pou jistifye “okipasyon imanitè” oubyen “Repiblik ONG a.” Dezyèman, pifò nan lajan 4.2 milya dola PetwoKaribe a te disparèt te pandan etap kontwòl Clinton yo. Dosye Clinton sou Ayiti te jwe yon wòl nan eleksyon Trump an Florid.[2]
Pou fini, Wachintonn ap mennen yon koudeta nan Venezyela kote yon kòkòt rezo dwatis reyaksyonè Etazini, Juan Guaidó, ap chache ranplase Nicolás Maduro. Se Prezidan Hugo Chavez ki te kreye pwogram PetwoKaribe a nan lane 2005. Li reprezante yon pwojè solidarite ant pèp yo, yon lòt altènatif pou devlopman. Ayiti resevwa fon PetwoKaribe depi 2008, apre 4 siklòn ki te frape Ayiti. Ayiti te toujou ap eseye balanse relasyon zanmitay avèk katèl Etazini ak Core Group yon bò, ak katèl Venezyela yon lòt bò.
Eskandal PetwoKaribe a montre aklè ni feblès leta neyokolonyal PHTK a, ni ipokrizi politik entènasyonal Etazini an. Gade diskou ki fèt sou Venezyela, kote Tonton Sam ap sipòte opozisyon tandiske – pou moman sa a – li kontinye sèvi ak Nèg Bannann nan ann Ayiti. Reyalite Ayiti ak Venezyela deja makonnen. Depi 2017, Etazini mete yon anbago sou Venezyela. Se sa ki lakòz sibvansyon pri gaz nan pwojè PetwoKaribe a te sispann. Ann Ayiti, pri gaz la ki te monte ak valè goud ki te degringole vit: nan dat 11 jiyè 2018, li te pi piti pase 65 goud pou yon dola ameriken, men jounen jodi a, se plis pase 93 goud pou yon dola.
Devan mannèv Etazini anvè Venezyela yo, Jovenel te blije chwazi nan ki kan li ye. Sa pa t etone pèsonn moun lè yo konstate dirijan Agritrans la, ki resevwa yon pakèt lajan nan men USAID,[3] te chwazi kase relasyon istorik Ayiti te gen avèk Venezyela depi 1815, nan rankont OEA a an janvye 2019. Jedi 27 jen, apre dènye rankont OEA a, Prezidan Jovenel te bay Core Group la yon dènye kado : lè li otorize yon nouvo misyon Nasyonzini ann Ayiti.
Men nan jwèt sa a, Jovenel bliye pèp Ayisyen an. 6 jiyè lane pase, pandan match Brezil nan Mondyal foutbòl la, li aplike politik Fon Monetè Entènasyonal (FMI) la pou ogmante pri gaz la. Pèp la te bloke lari toupatou nan peyi a. Peyi a te byen “lòk”[4] pou 2 jou sa yo, ki te choke ni boujwazi a ni enperyalis yo anba kou siprann sa a.
Pèp la pa fin pale. Nan yon kanpay sou Twitter, nan out 2018, kesyon “kòt kòb PetwoKaribe a?” te lanse.
Epi pou chak dat senbolik, tankou 17 Oktòb ki te asasinay fondatè peyi a, Janjak Desalin; 18 Novanm, dènye batay pou endepandans la; 7 fevriye lè pèp la te dechouke diktati Duvalier a; mobilizasyon an vin pi fò.
San mobilizasyon, Lakou Dekont yo pa t ap mete rapò yo deyò.
Kote mobilizasyon an sòti epi nan ki kontèks? Nap brase kesyon sa a pi devan…
Kòm Marx te ekri nan 18 Brumaire, moun ka make listwa, men anndan kondisyon istorik yo pa kreye.
Mark Schuller, antwopològ, se yon pwofesè envite nan Fakilte Etnoloji Inivèsite Leta Ayiti; Li se yon pwofesè agreye nan Antwopoloji epi Sant Etid Non-pwofi ak ONG nan Northern Illinois University. L ap travay Ayiti depi 2001; li pibliye yon seri tèks an kreyòl. Éditions UEH pibliye tradiksyon 2 liv li; Deplasman Tektonik ak Cette Charité Qui Tue. Li te editè denye nimewo Chantiers sou ONG. Li se prezidan Asosyasyon Etid Ayisyen an.
[1] Core Group la se Reprezantan Espesyal Nasyonzini, OEA, ak anbasadè Alimay, Brezil, Espay, Etazini, Kanada, Lafrans, Linyon Ewopeyen.
[2] 20 pousan Ayisyen an Florid te vote pou Trump, tandiske 8% moun nwa te fè l. https://news.ufl.edu/articles/2018/06/why-florida-democrats-cant-count-on-the-so-called-black-vote.html
[3] $27 milyon total envestisman, ak $6 milyon lajan Leta Ayisyen https://www.huffpost.com/entry/behind-the-banana-man-hai_b_9040712
[4] Jwèt ak mo angle “lock” (fèmen anba kadna), peyi a te fèmen akòz barikad anpil kote toupatou peyi a.
No Comments