PetwoAnaliz
January 13, 202012 janvye, 2020, te make 10zan depi Goudougoudou. Anpil fwa, Ayiti parèt nan jounal oswa nan televizyon lòt bò lè gen yon eskandal, yon katastwòf, oswa vyolans. Nan moman peyi lòk yo nan mwa oktòb 2019, te gen youn asenal atik nan jounal etranje. Nan menm moman tou te gen manifestasyon ak gwo represyon Leta ki te lakòz 3 jounalis pèdi lavi yo. Se yon mobilizasyon manch lonn ki te koumanse depi 6-8 jiye 2018, e li se dife ki te fè Kou Dekont wè nesesite pou soti rapò 30 me 2019 sou dosye PetwoKaribe a.
Brid sou kou, apre kèk ti grenn repòtaj, Ayiti disparèt ankò nan laprès entènasyonal. Se kòmsi Ayiti pa la ankò. Men imaj fantòm ‘vyolans’ yo pa sòti nan tèt moun ki ap li atik oswa k ap gade imaj yo nan peyi etranje.
Men Ayiti la. Epi li toujou la. Epi Ayisyèn ak Ayisyen ap toujou goumen kont sistèm peze souse ki mache kòt a kòt ak youn Leta restavèk ki vin tounen yon zouti pou sèvi enterè klas dominan yo ak peyi enperyalis yo, sa k rele “Core Group” la.
Epitou, non sèlman Ayisyen ak Ayisyèn mete bòt oubyen tenis nan lari pou pote kole, men yo reflechi, yo analize, yo denonse, yo pwopoze solisyon, yo reve yon lòt Ayiti, yon lòt relasyon avèk sistèm mondyal la. N ap ekri yon seri atik sou koze a pou nou anplifye vwa Ayisyèn/Ayisyen k ap analize konjonkti a epi k ap eseye pran chemen pou yon lòt Ayiti. Nan seri atik k ap swiv n ap eseye divèsifye vwa, analiz, reyalite, ak revandikasyon sitwayen yo plis pase anvan.
ATIK PA NOU:
12 janvye 2020 – Mark Schuller, Kòt Repòtaj PetwoKaribe a?
27 fevriye 2020 – Mamyrah Dougé-Prosper, Ayiti ak Jewopolitik PetwoKaribe
29 novanm 2020 – Konbit Òganizasyon Sendikal Politik ak Popilè, Apèl Solidarite
8 mas 2021 – Judite Blanc ak Sabine Lamour, Kout Je Fanm Syantifik sou Kriz la
EKIP PA NOU:
Judite Blanc se yon syantis konpòtman moun entènasyonal ki fòme Ozetazini, Lafrans, ak Ayiti. Li se yon Fellow nan New York University Grossman School of Medicine’s Center for Healthful Behavior Change. Rechèch pa Dr. Blanc sèvi ak metòd miks pou eksplore wòl kontèks sosyo-istorik yo (tankou lè moun ekspoze avèk estrès) epi faktè reziliyans psikolojik sou rezilta sanitè popilasyon an.
Nixon Boumba se yon manm fondatè Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) ak youn nan animatè prensipal Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen. Li travay pou devlope kapasite mouvman k ap batay pou dwa moun pou gen tè ak kont eksplwatasyon min, ak òganizasyon LGBTI yo.
Chachè miltidisiplinè ak yon militan politik, James Darbouze afilye ak Sant pou rechèch ak sipò nan politik lavil yo (CRAPU – Uniq-UQAM). Li se animatè blòg Epochê. Li se manm (Human DHS) yon rezo chachè k ap travay sou diyite moun. James se manm tou rezo Filozofi k ap gade etadedwa nan Inivèsite Paris VIII anmenmtan tou li se manm komite k ap dirije Sant Kiltirèl Selide. Li reskonsab seksyon “Planifikasyon itilizasyon tè, planifikasyon vil ak devlopman dirab” nan jounal Haiti-Monde. Li se youn nan òganizatè Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen depi 2016. Li travay kòm reskonsab rechèch nan Sant EQUI.
Antwopològ militant, Mamyrah Dougé-Prosper se yon Pwofesè Adjwent Envite nan Depatman sou Etid Afrik ak Dyaspora Afriken (Afrikana) nan Davidson College. L ap travay aktyèlman sou yon liv li rele Devlopman Konteste nan yon Ayiti anba Okipasyon: Mouvman Sosyal, ONG, ak Leta Evanjelik. Li pibliye kèk atik nan revi inivèsitè ak politik kankou Women’s Studies Quarterly ak Commune Magazine. Dougé-Prosper se Kòdonatris Entènasyonal Community Movement Builders (Konstriktè Mouvman Kominotè).
Doktè nan sosyoloji, Sabine Lamour anseye sosyoloji nan Inivèsite Leta Ayiti depi 2012. Depi 2005, li travay nan òganizasyon fanm kòm militan feminis ak konsiltan endepandan, ni nan zòn riral ni nan vil yo. Depi 2017, li se kòdonatris nasyonal SOFA (Solidarite Fanm Ayisyèn). Li travay sou pwoblematik ki gen rapò ak relasyon sosyal fanm ak gason, flibistri, esklavaj, kesyon koulè, dinamik fanmi nan rejyon Karayib la, ak òganizasyon politik la an Ayiti. Li ko-pibliye ouvraj ki rele Déjouer le silence : contre- discours sur les femmes haïtiennes (2018) nan Editions Ménage.
Georges Eddy Lucien se yon istoryen ak yon pwofesè listwa nan Lekòl Nòmal Siperyè, Inivèsite Leta Ayiti. Li te ekri sis liv, ki gen ladan Une modernisation manquée: Port-au-Prince (1915-1934), ki te pibliye nan 2013 epi ki resevwa Prim Liv Asosyasyon Etid Ayisyen nan.
Antwopològ militan Mark Schuller se yon pwofese invite nan Fakilte Etnoloji; se yon pwofesè titilye nan Antwopoloji epi Sant Etid Non-pwofi ak ONG nan Northern Illinois University. Lap travay ann Ayiti depi 2001; li pibliye yon seri tèks ann kreyòl. Éditions UEH pibliye tradiksyon 2 liv li; Deplasman Tektonik ak Cette Charité Qui Tue. Li te editè denye nimewo Chantiers sou ONG. Li te ekri oubyen edite 8 liv, ko-reyalizatè dokimante Poto Mitan epi pibliye 40 atik oubyen chapit akademik epi plis pase sa nan blòg yo, tankou Huffington Post. Li se prezidan Asosyasyon Etid Ayisyen an.