Konbit – Apèl Solidarite

Apèl pou solidarite entènasyonal kont vyolasyon masiv ak sistematik Dwa moun nan peyi DAYITI


Ayiti, 29 novanm 2020


Pou Oganizasyon Dwa Moun lokal ak entènasyonal yo
Pou òganizasyon sendikal, politik ak popilè nan kat kwen mond lan
Pou pèsonalite ki sansib sou kòz pèp yo
Pou Pri Nobel Lapè ak Pèsonalite politik, entèlektyèl nan tout mond lan
Pou Wo Konsèy Koperasyon ak Solidarite Entènasyonal
Pou militan / t entènasyonalis yo
Pou pèp k ap batay nan kat kwen latè,


Nou menm, òganizasyon, atis ak pèsonalite ki siyen apèl pou solidarite entènasyonal sa a, ki angaje depi plizyè lane nan batay pèp Ayisyen an kont sitiyasyon pwograme peyi a, ki chita sou pèt souverènte peyi a, kòripsyon nan piwo nivo nan Leta a, enpinite, konpòtman san respè règ ki pi piti konsènan moral piblik yo, kriminalite leta, fè enstitisyon piblik yo tounen chwal papa, mepri pou lavi moun, patikilyèman lavi mas popilè yo(1), endiferans ak rayisman ansyen pisans esklavajis, kolonyalis ak rasis yo ki vin tounen pisans enperyalis ak yon dominasyon total sou tout gwo desizyon k ap pran nan peyi a.
Sitiyasyon sa a pa sispann angrave epi kreye plis kè sote depi lè yon rejim mafya, kriminèl, konwonpi rive sou pouvwa a, sou baz eleksyon malatyong ki te jwenn apui yon ansanm gouvènman etranje, pisans enperyalis ak òganizasyon entènasyonal tankou Nasyonzini atravè yon estrikti ki pote non Kò Gwoup(2). Pandan 30 dènye lane yo, Konsèy Sekirite Nasyonzini an voye nan peyi a yon ansanm misyon ki se fòs okipasyon anpil fwa, sou pretèks pou rezoud kriz politik k ap brase bil peyi a. Men okontrè, misyon sa yo toujou kontribye nan rann sitiyasyon an vin pi grav. Misyon Nasyonzini pou mete estabilite nan peyi Ayiti (MINUSTAH), se yon egzanp konkrè. Se li ki pote epidemi kolera nan peyi a nan mwa oktòb 2010, li asasinen plizyè santèn fanm ak gason epi li vyole plizyè jèn, patikilyèman fanm.
Yon lòt bò, kondisyon lavi popilasyon an ap degrade ak yon vitès anraje, ki se konsekans dezangajman Leta a, koze mache lib la, goud la k ap pèdi valè li san pran souf, ogmantasyon pwodui premye nesesite yo, ranfòsman mizè ak rapò miwo miba nan sosyete a elatriye. Pandan tan sa a, nan mwens pase 10 lane, rejim konwonpi sa a ak lòt dirijan ki te pase anvan yo, piye plis pase 4 milyon dola lajan Petwokaribe a, ki te vini nan kad yon akò Venezyela te siyen ak Ayiti, san konte lòt lajan yo piye nan kès Leta a chak lane, atravè bidjè repiblik la.
Akote tout sa, nan mwens pase 3 lane, plis pase 9 masak rive fèt nan katye Lasalin, Tokyo, Kafoufèy, Bèlè, Pon Wouj, Site Solèy, Chada 2 nan vil Okap, ak konplisite alye lokal ak entènasyonal pouvwa anplas la ki pwofite mete gang ame nan tout depatman nan peyi a. Plizyè rapò òganizasyon Dwa Moun nan peyi a montre aklè gen dirijan nan piwo nivo nan Leta a ki mouye jouk nan kou nan masak sa yo ki fèt ak yon seri bandi k ap travay pou rejim PHTK ki sou pouvwa a. Rapò ankèt RNDDH3 ki soti nan dat 23 jen 2020 an, montre se ekip ki sou pouvwa a ki òganize gang ame ak alye yo nan yon federasyon ki pote non G9 an fanmi ak alye. Tout sa kontribiye nan plonje pèp la nan yon sitiyasyon malouk ki mande yon solidarite entènasyonal aktiv ki kapab ede pèp la soti nan sitiyasyon lanfè y ap plonje l la.
Kidonk, apèl pou solidarite entènasyonal sa a, se pa yon apèl pou mande lòt misyon Nasyonzini, ni èd imanitè. Se pito, yon apèl pou tout pèp k ap batay, pou òganizasyon ak pèsonalite ki sansib sou kòz pèp yo, pou soutni pèp Ayisyen an, nan denonse yon rejim sanginè, konwonpi k ap vyole Dwa Moun san rete epi kore revandikasyon pèp Ayisyen an, nan respè pou dwa granmoun pèp Ayisyen an.
Se pou sa, nou voye yon chay remèsiman, pou tout òganizasyon ak pèsonalite k ap reponn yon mannyè pozitif, apèl pou solidarite sa a.

(1) Dokiman ki mache ak apèl la bay plis detay sou sitiyasyon k ap deplòtonnen nan peyi a
(2) Se yon regwoupman ki gen ladan Reprezantan espesyal Nasyonzini an, Reprezantan OEA, Anbasadè Etazini, Lafrans, Kanada, Inyon Ewopeyèn, Almay, Lespay ak Brezil.

(3)Réseau National De Défense Des Droits Humains (http://rnddh.org/, rnddh@rnddh.org), « Attaques contre les quartiers défavorisées : Le RNDDH exige la fin de la protection des gangs armés par les autorités au pouvoir », 23 juin 2020.


N.B : Adrès ak telefòn yon seri dirijan ayisyen :

Nòt:

(1) Dokiman ki mache ak apèl la bay plis detay sou sitiyasyon k ap deplòtonnen nan peyi a
(2) Se yon regwoupman ki gen ladan Reprezantan espesyal Nasyonzini an, Reprezantan OEA, Anbasadè Etazini, Lafrans, Kanada, Inyon Ewopeyèn, Almay, Lespay ak Brezil.

(3)Réseau National De Défense Des Droits Humains (http://rnddh.org/, rnddh@rnddh.org), « Attaques contre les quartiers défavorisées : Le RNDDH exige la fin de la protection des gangs armés par les autorités au pouvoir », 23 juin 2020.

LI PI PLIS: KONPRANN SITIYASYON DETRĒS PLANIFYE PĒP AYISYEN AN, NIVO KONPLISITE PISANS ENPERYALIS YO, YON PATI NAN ELIT LOKAL YO AK NESESITE YON SOLIDARITE ENTĒNASYONAL KONKRĒ

Gade lòt atik nan seri a