Sosyete Sivil ann Ayiti / Civil Society in Haiti
July 21, 20217 jiye, Prezidan Moise te asasine. Gen yon pil atik ak pawòl ofisyèl ki sòti. | On July 7, Haiti’s President Moise was assassinated. Many articles and official statements followed. |
Epitou youn nan reyalite ki poze vit – se kiyès ki gen dwa pale sou non pèp Ayisyen an? Yon moun ki te pran pouvwa mande pou yon nouvo entèvansyon etranje militè, malgre anpil move eksperyans ann Ayiti. | Quickly a reality became evident: who has the right to speak in the name of the Haitian people? A single person that took power asked for a new foreign military intervention, despite the repeated failures in Haiti. |
Pandan medya etranje koumanse monte kantite atik sou Ayiti, li evidan se toujou yon ti ponyen moun ki reprezante Ayiti. Nou wè pifò ladan se sa yo rele ‘lidè politik’ oubyen ‘opozisyon an.’ Jan Kolektif Anakawona montre, gen plizye pati de opozisyon an. Se vre, pati politik gen yon wòl nan sosyete. Men, vwa majorite moun yo… peyizan, fanm, jenn, moun kap viv nan katye popilè, pat preske parèt nan medya. | While foreign media began increasing its coverage on Haiti, it’s increasingly evident that it’s still a small number of people who represent Haiti. We see that the majority of people cited are what they call “political leaders” or “the opposition.” As the Kolektif Anakawona showed, there are several components of the opposition. True, political parties have their role in society. However, the majority of people… peasants, women, youth, people who live in low-income neighborhoods, almost never appeared in news stories. |
Youn rezo reyisi atire atansyon etranje yo, yon kolektif anpil òganizasyon sosyete sivil yo, “Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyen nan Kriz la.” | A network succeeded in attracting foreign attention, a collective of many civil society organizations, “the Commission to seek a Haitian solution to the crisis.” |
Gen yon kèsyonnman bò kote òganizasyon ki ta vle pote solidarite avèk pèp ayisyen nan, se vwa kiyès ki reprezante? Kisa popilasyon an vle? Ki revandikasyon mas pèp la? | Organizations who would like to engage in solidarity with the Haitian people are questioning, Whose voices are represented? What does the population want? What are the people’s demands? |
Nou wè tou nesesite pou angaje sa ki rele ‘sosyete sivil.’ Konsèp la gen yon pakèt sans, epi li se yon kouto de bò. Se vre li sòti nan listwa ewopeyen avèk klas boujwazi a, men pèp la, epi mouvman popilè yo, pran l tou, nan peyi Sid kòm peyi Nò. Konsèp la gen yon dimansyon politik, kòm listwa peyi Dayiti montre sa. Sosyete sivil la ka defini yon ansanm gwoup òganize ki kreye yon vi kolektif ki andeyò non sèlman leta men ONG etranje, ki ap vin jwe wòl leta pi plis de jou an jou nan peyi Sid yo tankou Ayiti. | We also see the need to engage what is called ‘civil society.’ This concept has many meanings, and it’s a double-edged sword. True, it emerged from European history with the bourgeoisie, but the people (poor majority), and people’s movements, have adopted this for themselves, in the Global South just like in the North. The concept has a political dimension, like Haiti’s history shows. Civil society can be defined as a collection of organized groups that create a collective life that is outside not only the state but also foreign NGOs, that are more and more playing state roles in the Global South, such as in Haiti. |
Pa ka gen yon lis ‘definitif’ sou ki gwoup ki reprezante sosyete sivil, paske se yon chan dinamik. Men pou moman sa a, nan lavèy 7 jiye 2021, yon seri gwoup parèt aktif. Lis la pibliye 21 jiye, 2 semenn apre. | There can’t be a ‘definitive’ list of groups that represent civil society, because it’s a dynamic field. But for this moment, following July 7, 2021, a host of groups are active. This list was published July 21, 2 weeks after. |
Mouvman-òganizasyon feminis / feminist organizations:
- Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)
- Kay Fanm
- Rezo Fanm Radyo Kominote Ayisyen (REFRAKA)
- Fanm Deside
- Fanm Yo La
- Enfofanm
- Marijàn Ayiti
- Negès Mawon
- Centre du Promotion des Femmes Ouvrières (CPFO)
Mouvman-òganizasyon ouvriye / worker’s organizations:
- Batay Ouvriye
- Confederation des Travailleurs Haïtiens (CTH)
- Groupement des Travailleurs (euses) du Textile pour la Réexportation d’Assemblage (GOSTTRA)
- Centrale Nationale des Ouvriers Haïtiens (CNOHA)
Mouvman-òganizasyon peyizan / peasant organizations:
- Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
- Mouvman Peyizan Papay
Mouvman-òganizasyon katye popilè / popular neighborhood organizations:
- Mouvement de Liberté d’Égalité des Haitiens pour la Fraternité (MOLEGHAF)
- Kowalisyon Viktim Masak yo
Òganizasyon dwa moun / Human rights organizations:
- Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH)
- Jistis ak Lapè (JILAP)
- Bureau des Avocats Intérnationaux
- Plate-Forme des Organisations Haïtiennes des Droits Humains (POHDH)
- Centre oecuménique des Droits de l’Homme (CEDH)
Medya altènatif / alternative media:
Òganizasyon pledwaye / advocacy organizations:
- Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif (PAPDA)
- Nou Pap Dòmi
- Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyen
Regwoupman Popilè / people’s networks:
Regwoupman pwofesyonèl / professional networks:
- Union Nationale des Normaliens (nes) d’Haïti (UNNOH)
- Rasanbleman pou Diyete Ayiti (RADI)
- Fowòm politik sosyopwofesyonèl pwogresis ayisyen (FPSPA)
- Sendikal Jounalis
Òganizasyon kiltirèl ak edikatif / cultural and educational organizations:
- Sèk Gramsci
- Institut Culturel Karl Leveque (ICKL)
- Centre de Recherche et de Formation Économique et Sociale pour le Développement (CRESFED)
Denye miz-a-jou te fèt 21 jiye 2021. Tanpri fè sigjesyon yo
Last updated July 21, 2021.