Ayiti ak Jewopolitik PetwoKaribe
February 27, 202027 Fevriye 2020
Mamyrah Dougé-Prosper
Tradwi pa Pierre Michel Chéry
Avèk kolaborasyon Nixon Boumba, James Darbouze, Sabine Lamour ak Mark Schuller
Dizyèm anivèsè goudougoudou an Ayiti raple nou, echèk èd ONG yo e li raple nou, sistèm peze souse a de-posede mas yo, li andete yo pandan li anrichi kèk grenn endividi. Mouvman anti-koripsyon an poze yon nouvo kesyon, # KòtKòbCIRHla?#
Kidonk, poukisa militan yo te konsantre sou eskandal PetwoKaribe a an premye?
Tèks sa kadre PetwoKaribe a nan dinamik ak defi Ayiti ap viv nan rapò li avèk kapitalis entènasyonal la. Li pa gen pretansyon pou li kondannen Bolivaryen yo, ni defann yo .
Ekspòte Revolisyon Bolivaryen an
An 1994, Zapatista yo, nan peyi Meksik, te leve kanpe kont Akò Lib Echanj Nò-Ameriken (NAFTA) ki te siyen. Apre kriz finansye nan peyi Ajantin an 2001, Hugo Chávez ak Fidel Castro òganize yon somè pou Leta Karayib yo nan Venezyela pou yo rejte pwopozisyon Meriken an pou aplike akò a a nan tout emisfè a. An 2004, de (2) lidè yo fonde Alyans Bolivaryen Pèp Amerik yo (ALBA), ki regwoupe tou Bolivi, Ekwatè, Nikaragwa, ak Leta nan Kominote Karayib (KARIKOM): Dominik, Antigwa ak Babouda, Sen Vensan ak Grenadin, Sen Lisi, Grenad ak Sen Kits ak Nevis.
An 2005, ALBA (eksepte Ekwatè ak Nikaragwa) ak lòt Leta-manm KARIKOM: Bahamas, Beliz, Repiblik Dominikèn, Giyana, Jamayik ak Sirinam siyen yon Akò Koperasyon Enèjetik PetwoKaribe. Babad, Monserat ak Trinidad ak Tobago, yon pwodiktè petwòl, te fè abstansyon. Venezyela eskli Ayiti pou li pwoteste kont Etazini ki te mete yon gouvènman tranzisyon ak tout fòs (2004-2006). Apre gwo presyon popilè sou pwezidan René Préval ki te fèk monte sou pouvwa a, Ayiti siyen akò PetwoKaribe a an 2007. Nikaragwa swiv li apre. Gwatemala ak Ondiras siyen an 2008. El Salvador an 2014.
Anba akò PetwoKaribe a, peyi ki patisipe yo te ka achte jiska 185,000 barik petwòl chak jou. Venezyela te egzije sèlman yon premye pèman pasyèl (5% a 50%) ak yon amòtisman sou 1 a 2 ane. Gouvènman ki jwenn avantaj Petwokaribe a te ka peye balans lan sou 17 a 25 ane a, epi ak yon enterè 1% sou manman lajan an (si pri barik petwòl la depase 40 dola ). Byen ak sèvis te sèvi kòm fòm ranbousman. Kiba voye doktè nan Venezyela. Nikaragwa peye ak vyann ak lèt. Petróleos de Venezuela, S.A. (PDVSA) te posede 49% rafineri Jamayiken PetroJam ak Refinería Dominicana de Petróleo PDV, S.A (Refidomsa PDV) Repiblik Dominikèn. Avèk pri mondyal petwòl ki t ap grenpe jiska $ 100 yon barik, PetwoKaribe te favorize peyi Karayib yo ki t ap fè fas a pàn gaz ak ogmantasyon pri manje.
ALBA kreye Bank ALBA nan vil Karakas an 2008 e li sèvi baz pou yo tabli yon lajan komen pou rejyon an, SUCRE (Sistema Único de Compensación Regional) an 2009, ki sèvi nan komès ak Ekwatè, Bolivi, Kiba ak Nikaragwa. Leta Sid Amerik yo fòme Unión Sudamericana (UNASUR). An 2011, peyi “endepandan” nan Amerik yo eskli Kanada ak Etazini pou yo kreye Comunidad de Estados Latinoamericanos y Caribeños (CELAC).
Blòk rejyonal sa a pèmèt peyi “an devlopman” yo jwenn yon ti endepandans a travè kòmès miltilateral la pou yo konstwi enfrastrikti epi pou yo mete pwogram sosyal kanpe. Apwòch Bolivaryen yo respekte souverènte Leta, kontrèman ak dikta enperyalis FMI ak Bank Mondyal. Resanblans ideyolojik pat detèmine apatenans/adezyon. Kalite solidarite sa a fasilite Parti Haïtien Tèt Kale (PHTK) gaspiye prèske $ 4 milya dola e li predi tou yo t ap trayi Venezyela.
Pou Rive nan yon Mond Miltipolè
Bolivaryen yo anvizaje yon mond miltipolè, konsa pou pa gen yon sèl gwo pisans nan monn nan. Venezyela, avèk pi gwo rezèv petwòl nan monn lan, se youn nan ko-fondatè Òganizasyon Peyi Ekspòtatè Petwòl (OPEC/OPEP), epi se sèl manm ki twouve l nan Amerik Latin nan pami plizyè peyi nan “Mwayen Oryan” an: Iran, Irak, Kowet ak Arabi Saoudit. OPEC te tabli an 1960 pandan lagè ak mouvman anti-kolonyal ki te vize kraze anpriz Britanik ak Meriken sou pwodiksyon petwòl. Nan lane 2000, Chávez òganize Dezyèm Somè OPEC la, apre premye ki te fèt la depi 1975. Li te egzije kota nan pwodiksyon petwòl la pou yo kontwole pri yo.
Chávez fasilite antre Lachin ak Larisi nan rejyon an. Depi 2009, Lachin se dezyèm pi gwo patnè komès Leta Bolivaryen a, e depi 2012, Venezyela se katriyèm pi gwo founisè petwòl Lachin. Lachin envesti nan konstriksyon yon konplèks vakans (resort) nan Bahamas ak yon wout nasyonal nan Jamayik. Trinidad ak Tobago, Grenad, Dominik, Antigwa ak Babouda, ak Repiblik Dominikèn resevwa finansman “Belt and Road Initiative.” Lachin se prensipal patnè komès Brezil, Chili, Pewou ak Irigwe, e bank Chinwa yo se pretè prensipal nan Amerik Latin nan. Konpayi Ris RUSAL posede 90% nan biznis eksplwatasyon min boksit gouvènman Giyana a jere ; e RUSAL kontwole 65% nan kapasite aliminyòm Jamayik ; l ap opere twa nan kat rafinri nan peyi sa a. Plizyè lòt konpayi Ris envesti nan sektè petwòl ak gaz nan Bolivi, Meksik ak Venezyela. Kiba, Nikaragwa, Pewou ak Venezyela se achtè prensipal zam Larisi nan rejyon an.
Nan (re)fè lòt alyans, Bolivaryen yo menase “enterè sekirite nasyonal” peyi Etazini.
Anpi a Kont-Atake
Yon “Nouvou Lagè Frèt” parèt. Apre lanmò Chávez ak eleksyon Nicolas Maduro an 2013, Etazini (ansanm ak Arabi Saoudit) fè pri petwòl yo chite ; epi yo pote kole nan manifestasyon anti-chavist yo. An 2015, Barak Obama deklare Venezyela se yon menas pou lasekirite Etazini, li nòmalize relasyon Etazini ak Kiba, li tabli yon nouvo Caribbean Basin Security Initiative; epi li lage sanksyon finansye sou otorite politik nan Venezyela.
An 2017, Ajantin, Brezil, Chili, Kolonbi, Paragwe ak Pewou rankontre ak Kanada, Costa Rika, Gwatemala, Ondiras ak Meksik nan vil Lima pou yo tabli sou “kriz Venezyelyen an.” An 2018, Donald Trump entèdi tranzaksyon ki sèvi avèk lajan nimerik Venezyelyen a ak tranzaksyon ki gen rapò ak acha dèt Venezyelyen an. An 2019, li entèdi pou dola meriken sèvi nan kèlkeswa pèman entènasyonal la k ap fèt a PDVSA. Konsa tou, Trump rankontre defektè PetwoKaribe yo: Bahamas, Repiblik Dominikèn, Ayiti, Jamayik ak Sen Lisi nan konplèks prive li nan Florid. Epi 19 nan 35 leta ki fòme Òganizasyon Leta Ameriken (OEA) vote kont rekonesans Maduro epi pou yo rekonèt Juan Guaidó. Leta-manm UNASUR yo, ki se manm Gwoup Lima a tou, kreye Foro para el Progreso de América del Sur (PROSUR) ki pou goumen kont “diktati nan Venezyela.”
Apre PetwoKaribe
Kòm Leta Bolivaryen a depann sou vant petwòl ki reprezante plis pase 95% lajan li itilize pou peye enpòtasyon plis pase 2/3 byen konsomatè de baz li yo, ki soti sitou Etazini, Venezyela te fè fas a yon to enflasyon 10 milyon pousan e li sispann voye plizyè milya dola petwòl sibvansyone. Se Sen Vensan ak Grenadin, Kiba ak Ayiti ki plis soufri sitiyasyon Venezyela a.
Jovenel Moise retounen nan kemande lajan prete nan men FMI pou li finanse Leta a. Ogmantasyon “impôts sur le revenu” pa sifi, apre li fin retire tarif sou diri ki soti sitou Etazini. Moise, ki te monte sou pouvwa a avèk anpil kontestasyon, avèti li pral “koupe tèt” pandan l ap gouvène poukont li (avèk sipò Core Group la) kòm manda palmantè yo ekspire.
Antwopològ militant, Mamyrah Dougé-Prosper se yon Pwofesè Adjwent Envite nan Depatman sou Etid Afrik ak Dyaspora Afriken (Afrikana) nan Davidson College. L ap travay aktyèlman sou yon liv li rele Devlopman Kontestenanyon Ayiti anba Okipasyon: Mouvman Sosyal, ONG, ak Leta Evanjelik. Li pibliye kèk atik nan revi inivèsitè ak politik kankou Women’s Studies Quarterly ak Commune Magazine. Dougé-Prosper se Kòdonatris Entènasyonal Community Movement Builders (Konstriktè Mouvman Kominotè).